Jan 12:25
Moun ki renmen lavi l' ap pèdi li. Men moun ki rayi lavi li pandan l' sou latè a, l'ap konsève l' pou lavi ki p'ap janm fini an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 29:30Jakòb kouche ak Rachèl. Li te renmen l' pi plis pase Leya. Li sèvi ak Laban pandan sèt lanne ankò.
Matthew 10:39Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.
Matthew 19:29Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
Luke 9:23Epi li di yo tout: Si yon moun vle mache dèyè m', se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l' sou zèpòl li chak jou, epi swiv mwen.
Luke 17:33Moun ki va chache sove lavi l' va pèdi l'; men moun ki va pèdi lavi l' va konsève li.
Acts 21:13Men, li reponn nou: Poukisa pou n'ap kriye konsa, pou n'ap chache kraze kouraj mwen konsa? Mwen menm, se pa pare sèlman mwen pare pou m' kite yo mare mwen. Menm si mouri vini, m'ap mouri pou Seyè Jezi nan Jerizalèm.