Matie 19:29
Nenpòt moun ki va kite kay li, osinon frè l', osinon sè l', osinon papa l', osinon manman l', osinon pitit li, osinon jaden l', poutèt mwen, moun sa a gen pou l' resevwa san (100) fwa plis pase sa, ansanm ak lavi ki p'ap janm fini an.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Anpil nan moun ki devan yo va rete dèyè. Anpil nan moun ki dèyè yo va pran devan.
Cross References
Ecclesiastes 3:6Li fikse lè pou ou chache, lè pou ou pèdi, lè pou ou fè ekonomi, lè pou ou gaspiye lajan,
Matthew 6:33Pito nou chache bay bagay peyi Wa ki nan syèl la premye plas nan lavi nou, chache viv jan Bondye vle l' la anvan. Lè sa a, Bondye va ban nou tout lòt bagay sa yo tou.
Matthew 10:22Tout moun pral rayi nou poutèt mwen. Men, moun ki va kenbe fèm jouk sa kaba, se yo ki va sove.
Matthew 13:8Men, yon lòt pati ankò tonbe nan bon tè; yo donnen. Genyen ki bay san grenn, lòt bay swasant, lòt bay trant.
Matthew 16:25Paske, moun ki ta vle sove lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen, li va jwenn li ankò.
Matthew 25:34Apre sa, wa a va pale ak sa ki sou bò dwat li yo, la di: Vini non, nou menm ki resevwa benediksyon Papa m', vin pran posesyon peyi ki te pare pou nou depi lè Bondye t'ap kreye lemonn lan.