Jan 12:35
Jezi reponn yo: Nou gen limyè a la avè nou, men pa pou lontan. Mache pandan nou gen limyè a pou fènwa pa bare nou. Moun k'ap mache nan fènwa pa konnen kote l' prale.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Proverbs 4:19Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Isaiah 42:6Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
Luke 18:37Yo di li: Se Jezi, moun Nazarèt la, k'ap pase.
John 7:33Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
John 9:4Toutotan fè klè toujou, se pou m' fè travay moun ki voye m' lan ban m' fè a. Talè konsa pral fè nwit, pesonn p'ap ka travay.
John 12:36Mete konfyans nou nan limyè a pandan nou genyen l' lan, pou nou kapab moun limyè a. Apre li fin di yo pawòl sa yo, Jezi wete kò l', li al kache byen lwen.