Proverbs 4:19
Chemen moun mechan yo fè nwa kou lannwit. Yo pa ka wè sou kisa y'ap bite.
Bib La
In The King James Version
The way of the wicked is as darkness: they know not at what they stumble.
In Context
Cross References
1 Samuel 2:9L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.
Job 12:25Y'ap tatonnen nan fènwa, y'ap titibe tankou moun sou.
Job 18:18Y'ap pouse l' soti nan limyè ale nan fènwa. Y'ap depòte l' byen lwen nan peyi san chapo.
Proverbs 2:13Moun sa yo, se moun ki kite chemen dwat la pou lage kò yo nan fènwa.
Isaiah 59:9Pèp la di: -Koulye a nou konnen poukisa Bondye ki pou ta defann kòz nou an rete lwen nou konsa, poukisa li pa vin delivre nou. Nou t'ap tann limyè pou klere kote n'ap mete pye nou, men kote nou pase se nan fènwa nou ye.
Jeremiah 13:16Fè lwanj Seyè a, Bondye nou an, anvan fènwa bare nou, pou pye nou pa al bite sou mòn yo lannwit la, anvan li fè limyè nou t'ap tann lan tounen yon gwo fènwa, yon dekou ki fènwa kou lank.