Jan 14:28
Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Mwen tou di nou sa koulye a anvan bagay sa yo rive, pou lè yo rive nou ka kwè.
Cross References
Psalms 68:9(068:10) Bondye, ou fè lapli tonbe an kantite sou latè. Ou ba li fòs ankò, paske li te fin pèdi tout grès li.
Isaiah 42:1Seyè a di: -Men sèvitè m'ap soutni an! Men moun mwen chwazi a, moun ki fè m' plezi anpil la! Mwen mete lespri m' sou li. Li pral fè tout nasyon yo konnen sa ki rele jistis.
Isaiah 53:11Apre tout soufrans sa yo, l'a jwenn kè kontan ankò. L'a konnen li pa t' soufri pou gremesi. Li te sèvi Bondye yon jan ki kòrèk nèt. Li te pran chatiman anpil moun sou do l'. L'a fè Bondye fè yo gras.
Luke 24:51Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.
John 10:29Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
John 13:16Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Yon domestik pa janm pi grannèg pase mèt li. Moun yo voye a pa janm pi grannèg pase moun ki voye l' la.