Jan 10:29
Sa Papa m' ban mwen an pi gran pase tout. Pesonn pa ka rache anyen ki nan men Papa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
28Mwen ba yo lavi ki p'ap janm fini an. Yo p'ap janm peri, pesonn p'ap janmn ka rache yo nan men mwen.
30Mwen menm ak Papa m', nou fè yon sèl.
Cross References
Psalms 145:3Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p'ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Malachi 1:14Madichon pou moun k'ap twonpe m' yo. Yo vin ofri bèt ki pa bon pou yo touye pou mwen epi yo kite bon ti mal yo te pwomèt y'ap ban mwen an nan bann mouton yo. Paske, se yon wa ki gen anpil pouvwa mwen ye. Moun tout nasyon va respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.
John 14:28Nou tande m' di nou: Mwen prale, men m'ap tounen vin jwenn nou. Si nou te renmen m', nou ta kontan konnen mwen pral jwenn Papa a, paske Papa a gen plis pouvwa pase mwen.
John 17:6Moun ou te mete apa nan lemonn pou mwen yo, mwen fè yo konnen ki moun ou ye. Se pou ou yo te ye. Se ou menm ki te ban mwen yo. Epi yo kenbe pawòl ou.
John 17:11Mwen pa nan lemonn lan ankò. Men yo menm, yo nan lemonn lan toujou. Mwen menm, m'ap vin jwenn ou. Papa, ou menm ki apa, pwoteje yo pa pouvwa non ou, menm non ou te ban mwen an, pou yo ka fè yon sèl menm jan ou fè yon sèl avèk mwen.