John 15:21
Men, y'ap fè nou tou sa poutèt mwen, paske yo pa konnen moun ki te voye m' lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 66:5Koute sa Seyè a di, nou menm ki gen krentif pou li lè li pale ak nou: Paske nou pa vire do ban mwen, gen moun menm ras ak nou ki pa vle wè nou, ki derefize mele ak nou. Y'ap di konsa: Se pou Seyè a fè wè pouvwa li, paske yo ta renmen wè jan nou kontan. Men se yo menm k'ap soti wont.
Matthew 10:18y'a fè nou konparèt devan chèf gouvènman ak devan wa poutèt mwen, pou nou kapab sèvi m' temwen devan yo ak devan moun lòt nasyon yo.
Matthew 10:39Moun k'ap chache asire lavi l' va pèdi li. Men, moun ki va pèdi lavi l' poutèt mwen va jwenn li ankò.
Luke 6:22benediksyon pou nou si lèzòm rayi nou, si yo pa vle wè nou, si yo joure nou, si yo meprize nou tankou move moun, poutèt mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a.
John 8:54Jezi reponn yo: Si m' t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m', moun nou pretann di ki Bondye nou an.
Acts 3:17Enben, koulye a, frè m' yo, mwen rekonèt se konnen nou pa t' konnen, nou menm ansanm ak tout chèf nou yo, kifè nou te aji konsa avèk Jezi.