Jan 8:54
Jezi reponn yo: Si m' t'ap fè lwanj tèt mwen, lwanj sa a pa ta vo anyen. Moun k'ap fè lwanj mwen se Papa m', moun nou pretann di ki Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Isaiah 48:1Koute pawòl sa yo byen, nou menm fanmi Jakòb yo. Nou menm ki pote non Izrayèl, zansèt nou an, nou menm ki soti nan ras Jida a, nou pran non Seyè a pou fè sèman. N'ap fè sèvis pou Bondye pèp Izrayèl la. Men, se pawòl nan bouch. Nou pa viv jan Bondye vle l' la.
Daniel 7:13Nan menm vizyon mwen t'ap fè lannwit lan, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Li t'ap vini sou tèt nwaj yo nan syèl la. Li pwoche bò granmoun ki te la depi nan konmansman an. Yo prezante l' ba li.
John 2:11Se konsa Jezi te fè premye mirak li lavil Kana nan peyi Galile. Li te fè wè pouvwa li. Sa te fè disip li yo kwè nan li.
John 5:31Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.
John 7:18Yon moun k'ap pale pawòl pa l', se chache l'ap chache fè lwanj tèt li. Men, moun k'ap travay pou sa sèvi yon lwanj pou moun ki voye l' la, se verite a pou l' di. Pa gen riz nan li.