Jan 15:27
Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avè m' depi nan konmansman.
Bib La
In The King James Version
And ye also shall bear witness, because ye have been with me from the beginning.
In Context
Cross References
Luke 1:2Yo te rakonte yo jan nou te aprann yo nan bouch moun ki te wè yo ak pwòp je yo depi nan konmansman, moun ki te resevwa lòd mache fè konnen pawòl Bondye a.
John 19:35Moun k'ap rapòte bagay sa yo te wè yo ak je li. Sa l'ap di a se vre. Li konnen li menm l'ap di laverite, pou nou menm tou nou ka kwè.
Acts 1:8Men, lè Sentespri a va desann sou nou, n'a resevwa yon pouvwa. Lè sa a, n'a sèvi m' temwen nan Jerizalèm, nan tout peyi Jide ak nan tout peyi Samari, jouk nan dènye bout latè.
Acts 3:15Se konsa nou touye Mèt ki bay lavi a. Men, Bondye fè l' leve soti vivan nan lanmò. Nou se temwen tout bagay sa yo.
Acts 4:33Se avèk anpil pouvwa apòt yo t'ap bay prèv ki jan Bondye te leve Jezi fè l' soti vivan nan lanmò. Bondye menm te vide benediksyon l' an kantite sou yo tout.
Acts 13:31Apre sa, pandan plizyè jou, moun ki te moute Jerizalèm soti peyi Galile ansanm avèk li yo, yo te wè l' ak je yo. Se yo menm k'ap sèvi l' temwen koulye a devan pèp Izrayèl la.