Jan 15:26
Moun ki gen pou ankouraje nou an ap vini, se Lespri k'ap moutre nou verite a, se nan Bondye li soti. Papa a ap ban mwen l' pou m' voye ban nou, la pale nou sou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Men, yo fè tou sa pou pawòl ki ekri nan Lalwa yo a te ka rive vre: Yo rayi m' san m' pa fè yo anyen.
27Nou menm tou, n'a pale sou mwen, paske nou te la avè m' depi nan konmansman.
Cross References
Luke 24:49Mwen menm, mapral voye ban nou sa Papa m' te pwomèt la. Nou menm, rete lavil Jerizalèm jouk pouvwa k'ap soti anwo nan syèl la va desann sou nou.
John 14:16M'ap mande Papa a pou l' ban nou yon lòt moun pou ankouraje nou, pou li ka toujou la avèk nou, se Sentespri k'ap moutre nou verite a.
John 16:7Men, m'ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m' ale. Paske, si m' pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p'ap vin jwenn nou. Men, lè m' ale, m'a voye l' ban nou.
Acts 2:32Bondye fè Jezi sa a leve soti vivan; nou tout nou temwen bagay sa a.
Acts 15:8Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an.
Hebrews 2:4Anmenmtan an tou, Bondye te fè anpil siy, anpil bèl bagay ak anpil mirak pou fè wè sa moun sa yo t'ap di a se te vre. Li separe kado Sentespri a bay moun jan l' vle.