John 16:19
Jezi menm te konnen yo te vle poze l' keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p'ap wè m', talè konsa tou n'a wè m' ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an?
Bib La
In The King James Version
In Context
18Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l' vle di.
Cross References
Matthew 6:8Piga nou fè tankou moun sa yo. Paske, Papa nou tou konnen sa nou bezwen anvan menm nou mande li.
Mark 9:33Yo rive Kapènawòm. Rive li rive nan kay la, Jezi mande yo: -Kisa nou t'ap pale konsa nan chemen an?
John 7:33Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
John 14:19Anvan lontan ankò, lemonn p'ap wè m', men nou menm n'a wè mwen. Paske m'ap viv, nou menm tou n'ap viv.
John 16:30Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye.
Hebrews 4:13Anyen pa kapab kache pou Bondye. Tout bagay nan kreyasyon Bondye a aklè konsa devan je l', san anyen pa kouvri yo. Nou menm tou, nou gen pou nou rann li kont pou tou sa nou fè.