Jan 16:30
Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Disip yo di li: Se koulye a w'ap pale kare. Ou pa pale an parabòl.
31Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a?
Cross References
John 5:20Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi.
John 16:27paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m', paske nou kwè mwen soti nan Papa a.
John 21:17Apre sa, li mande l' yon twazyèm fwa: Simon, pitit Jan, èske ou renmen mwen? Sa te fè Simon lapenn anpil lè l' wè Jezi te mande l' yon twazyèm fwa: Eske ou renmen mwen? Li reponn li: Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen mwen renmen ou. Jezi di l' konsa: Pran swen mouton m' yo.