Jan 16:24
Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n'a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
Bib La
In The King James Version
Hitherto have ye asked nothing in my name: ask, and ye shall receive, that your joy may be full.
In Context
Cross References
1 Kings 18:36Lè lè pou yo fè ofrann apremidi a rive, pwofèt Eli pwoche bò lotèl la, li di: -Seyè, Bondye Abraram, Bondye Izarak ak Bondye Jakòb, fè yo wè jòdi a se ou menm ki Bondye pèp Izrayèl la. Fè yo rekonèt se sèvitè ou mwen ye. Se ou menm ki ban m' lòd fè tout bagay sa yo.
Matthew 6:9Men ki jan pou nou lapriyè: Papa nou ki nan syèl la, Nou mande pou yo toujou respekte non ou.
John 3:29Nan yon maryaj, lamarye se pou nonm k'ap marye a. Zanmi nonm k'ap marye a kanpe toupre l', l'ap koute. Li pa manke kontan lè li tande vwa nonm k'ap marye a. Se konsa, mwen menm, mwen kontan nèt koulye a.
John 16:23Jou sa a, nou p'ap poze m' keksyon sou anyen. Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.
1 Thessalonians 3:11Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè nou, pou yo louvri yon chemen pou mwen pou m' ka vin wè nou.
2 Thessalonians 2:16M'ap lapriyè Jezikri, Seyè nou an, ansanm ak Bondye, Papa nou ki renmen nou, ki fè nou favè, ki ban nou yon kouraj ki p'ap janm febli ansanm ak yon bèl espwa.