Jan 5:20
Papa a renmen Pitit la, li moutre l' tou sa li menm l'ap fè. Li gen pou l' moutre l' fè bagay ki pi estwòdenè pase sa. Lè sa a, nou p'ap manke sezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
21Papa a fè moun mouri leve, li ba yo lavi ankò. Konsa tou, Pitit la bay moun li vle lavi.
Cross References
Proverbs 8:22Seyè a te fè m' lè li te fèk konmanse ak plan travay li. Li te fè m' lontan lontan anvan tout bagay.
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
Luke 10:22Papa m' renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
John 3:35Papa a renmen Pitit la, li ba li pouvwa sou tout bagay.
John 5:25Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Lè a ap rive, li rive deja: moun mouri yo pral tande vwa Pitit Bondye a. Tout moun mouri ki va tande vwa sa a pral gen lavi.
John 10:32Lè sa a, Jezi di yo: Avèk pouvwa Papa a mwen fè anpil bon bagay nan mitan nou. Manyè di m' pou kilès ladan yo nou vle touye m' ak kout wòch la?