Jan 17:1
Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 123:1Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ou menm ki chita sou fotèy ou nan syèl la ap gouvènen, se bò kote ou mwen leve je mwen.
Mark 14:41Lè l' tounen twazyèm fwa a, li di yo: -N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase koulye a. Lè a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.
Luke 22:53Toulejou mwen te la avèk nou nan tanp lan, nou pa t' chache arete mwen. Men koulye a, se jou pa n', se jou pouvwa ki travay nan fènwa a.
John 7:39(Jezi t'ap pale ki jan moun ki kwè nan li yo tapral resevwa Sentespri. Lè sa a, Sentespri pa t' ankò desann sou pesonn, paske Jezi pa t' ankò moute nan syèl la.)
John 11:4Lè Jezi tande nouvèl la, li di: Maladi Laza a p'ap touye li. Tou sa rive pou fè moun wè pouvwa Bondye. Se ak maladi sa a Bondye pral fè wè pouvwa Pitit li a.
John 12:23Jezi reponn yo: Koulye a, lè a rive pou Moun Bondye voye nan lachè a resevwa lwanj ki pou li a.