Mak 14:41
Lè l' tounen twazyèm fwa a, li di yo: -N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou toujou? Sa ase koulye a. Lè a rive; men yo pral lage Moun Bondye voye nan lachè a nan men mechan yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
42Leve non. Ann ale. Men moun k'ap trayi m' lan ap vini.
Cross References
1 Kings 18:27Vè midi, Eli tanmen pase yo nan betiz. Li di yo: -Rele pi fò non! Se bondye li ye. Li dwe okipe anpil. Li ka ap kalkile, osinon li nan vwayaj. Li ka ap dòmi tou. Se pou nou leve l'.
2 Kings 3:13Elize di wa Izrayèl la konsa: —Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: —Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
Ezekiel 20:39Seyè sèl Mèt la di ankò: Koulye a, nou menm moun pèp Izrayèl yo, nou mèt al sèvi zidòl nou yo. Men, m' tou pale nou. Apre sa, se pou n' koute m'. N'a sispann derespekte non mwen ki yon non apa. N'a sispann fè ofrann pou zidòl nou yo.
Matthew 26:45Apre sa, li tounen bò kote disip li yo, li di: N'ap dòmi toujou? N'ap poze kò nou? Epi gade, men lè a rive, yo pral lage m', mwen menm Moun Bondye voye nan lachè a, nan men mechan yo.
Mark 9:31paske li t'ap moutre disip li yo anpil bagay. Li di yo: -Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen pral tonbe anba men lèzòm, yo pral touye mwen. Men, sou twa jou mwen gen pou m' leve soti vivan nan lanmò.
Mark 14:10Lè sa a, Jida Iskariòt, yonn nan douz disip yo, leve, li al di chèf prèt yo li te pare pou l' te fè yo pran Jezi.