Jan 19:24
Sòlda yo yonn di lòt: Nou p'ap chire rad sa a non. Ann tire osò pou konnen pou ki moun l'ap ye. Se konsa, pawòl ki te ekri nan Liv la rive vre: Yo separe rad mwen ant yo: Yo tire osò pou rad mwen an. Se sa menm sòlda yo te fè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Psalms 22:18(022:19) Y'ap separe rad mwen ant yo menm, y'ap tire osò pou rad mwen an.
John 10:35Nou konnen sa Liv la di, li di l' nèt. Tout moun ki resevwa pawòl Bondye, se bondye yo ye.
John 19:28Jezi te konnen lè sa a tout bagay ki pou te fèt te fin fèt. Pou fè sa ki te ekri nan Liv la rive vre, li di: Mwen swaf.
Acts 13:27Paske, moun lavil Jerizalèm ansanm ak chèf yo pa t' konnen ki moun Jezi te ye. Yo pa t' konprann sans pawòl pwofèt yo, pawòl ki li nan zòrèy yo chak jou repo. Men, se yo menm ankò ki fè tout pawòl sa yo rive vre lè yo te kondannen Jezi.