Jan 19:9
Li antre nan palè a, li mande Jezi: Ki kote ou soti? Men, Jezi pa reponn li.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Lè Pilat tande sa, li vin pi pè toujou.
Cross References
Judges 13:6Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.
Isaiah 53:7Yo te maltrete l', men li menm se bese li bese tèt li ase. Tankou yon ti mouton y'ap mennen labatwa, li pa t' janm louvri bouch li di krik. Wi, tankou yon manman mouton ki pa di krik pandan y'ap taye lenn sou do l', li pa t' janm louvri bouch li di anyen.
Matthew 27:12Chèf prèt yo ak chèf fanmi yo t'ap depoze anpil plent kont Jezi. Jezi menm pa t' reponn anyen.
John 8:14Jezi reponn yo: Menm si mwen t'ap pale tèt mwen byen, sa m'ap di a se verite, paske mwen konnen ki bò m' soti, mwen konnen ki bò m' prale. Men, nou menm, nou pa konnen ni ki bò m' soti, ni ki bò m' prale.
John 18:33Lè sa a, Pilat antre nan palè a, li rele Jezi, li mande li: Eske se wa jwif yo ou ye?
Acts 8:32Men pasaj li t'ap li nan liv la: Li te tankou yon mouton yo t'ap mennen labatwa. Li te tankou yon ti mouton ki pa janm rele lè y'ap taye lenn sou do li. Li pa janm louvri bouch li di anyen.