Judges 13:6
Apre sa, madanm lan antre al di mari l': -Yon moun Bondye te vin bò kote m'. Lè mwen gade l', pou jan li te fè m' pè a ou ta di yon mesaje Bondye. Mwen pa mande l' kote l' soti, ni li pa ban m' non li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 32:29Jakòb mande l': -Tanpri, di m' ki jan ou rele? Li reponn: -Poukisa w'ap mande m' ki jan mwen rele? Apre sa li beni Jakòb.
Exodus 3:6Bondye di ankò: -Se mwen menm, Bondye zansèt ou yo, Bondye Abraram lan, Bondye Izarak la ak Bondye Jakòb la. Moyiz bouche figi l', paske li te pè gade Bondye.
Joshua 14:6Moun branch fanmi Jida yo al jwenn Jozye nan kan Gilgal la. Kalèb pitit gason Jefoune, nan fanmi Kenaz la, di li: -Ou konnen sa Seyè a te di Moyiz, sèvitè Bondye a, sou ou ak sou mwen lè li te lavil Kadès-Banea.
Judges 13:17Manoak di mesaje Seyè a: -Di nou ki jan ou rele pou nou ka fè lwanj pou ou lè pawòl ou di yo va rive vre.
1 Samuel 2:27Yon pwofèt Bondye vin jwenn Eli, li di l' konsa: -Men sa Seyè a voye di ou: Lè zansèt ou yo, Arawon ak moun fanmi l' yo, te esklav nan peyi Lejip ap sèvi farawon an, mwen te fè yo konnen ki moun mwen ye.
1 Kings 17:18Madanm lan di Eli konsa: -Sèvitè Bondye, poukisa ou fè m' sa? Ou vin lakay mwen pou fè Bondye chonje peche m' yo, pou fè pitit gason m' lan mouri.