Jan 2:24
Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.
Bib La
In The King James Version
But Jesus did not commit himself unto them, because he knew all men,
In Context
25Li pa t' bezwen moun te di l' anyen sou pesonn, paske li menm li te konnen sa ki nan kè yo.
Cross References
1 Chronicles 28:9Ou menm, Salomon, pitit mwen, se pou ou rekonèt Bondye papa ou la. Se pou ou sèvi l' ak tout kè ou, avèk bon santiman, paske Seyè a sonde kè tout moun, li konnen tou sa k'ap pase nan tèt yo. Konsa, si ou chache l', l'ap kite ou jwenn li. Men, si ou vire do ba li, l'ap lage ou nèt tou pou tout tan.
Jeremiah 17:9Pa gen anyen ki ka twonpe moun pase sa ki nan kè lòt moun. Pa gen renmèd pou sa. Ki moun ki ka rive konprann sa k'ap pase nan kè lèzòm?
Matthew 10:16Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.
John 1:42Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l', li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)
John 4:16Jezi di l' konsa: Ale rele mari ou. Apre sa, tounen vin jwenn mwen isit la.
John 6:15Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.