Jan 6:15
Jezi te vin konnen yo tapral pran l' pa fòs pou yo fè l' wa. Li wete kò l' ankò sou ti mòn lan, men fwa sa a pou kont li.
Bib La
In The King James Version
In Context
16Lè solèy fin kouche, disip li yo desann bò lanmè a.
Cross References
Matthew 14:22Touswit apre sa, Jezi fè disip li yo moute nan kannòt la, li voye yo devan lòt bò lanmè a. Li menm, li te rete dèyè pou l' te voye moun yo ale.
Mark 11:9Ni moun ki t'ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele byen fò: -Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.
John 2:24Men, Jezi pa t' fè okenn ladan yo konfyans, paske li te konnen yo tout byen.
John 6:3Jezi moute sou yon ti mòn, li chita la ansanm ak disip li yo.
John 7:3Frè Jezi yo di l' konsa: Pa rete bò isit la. Ale nan Jide non. Konsa, disip ou yo va wè travay w'ap fè.
John 18:36Jezi reponn: Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè. Si gouvènman peyi kote m' wa a te tankou gouvènman peyi ki sou latè, sèvitè m' yo ta goumen pou mwen. Yo pa ta kite m' tonbe nan men jwif yo. Non. Nan peyi kote m' wa a, se pa tankou peyi ki sou latè.