Jan 20:13
Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Lè l' fin di sa, li vire tèt li, li wè Jezi ki te kanpe la, men li pa t' rekonèt si se te Jezi.
Cross References
1 Samuel 1:8Elkana, mari li, di l' konsa: -Aa, machè! Poukisa w'ap plede kriye konsa? Poukisa ou pa manje? Poukisa ou kagou konsa? Ou genyen m', se tankou si ou te genyen depase dis pitit gason.
Ecclesiastes 3:4Li fikse lè pou ou kriye, lè pou ou ri, lè pou ou nan lapenn, lè pou ou fè fèt,
Luke 24:17Li di yo: Sou kisa n'ap pale konsa antan n'ap mache a? Yo rete yo kanpe tou tris.
John 14:27M'ap ban nou kè poze. M'ap fè kè nou poze nan jan pa mwen. Mwen p'ap fè li pou nou jan sa fèt dapre prensip ki nan lemonn. Pa kite anyen toumante tèt nou, nou pa bezwen pè.
John 16:20Sa m'ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k'ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan.
John 20:2Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.