Jan 20:2
Li kouri, li al jwenn Simon Pyè ansanm ak lòt disip Jezi te renmen an, li di yo: Yo wete Seyè a kote l' te ye nan kavo a. Nou pa konn kote yo mete li.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Pyè pati ansanm ak lòt disip la, y' al nan kavo a.
Cross References
Matthew 27:63Yo di li: Chèf, nou chonje lè nonm ki t'ap bay manti a te vivan, li te di apre twa jou li pral leve soti vivan.
John 19:26Jezi wè manman l' ansanm ak disip li te renmen an toupre li. Li di manman l' konsa: Madanm, men pitit ou.
John 20:13Zanj yo mande li: Madanm, poukisa w'ap kriye konsa? Li reponn yo: Yo wete Seyè mwen an, m' pa konn kote yo mete li.
John 21:7Disip Jezi te renmen an di Pyè konsa: Se Seyè a wi. Lè Simon Pyè tande pawòl sa yo: Se Seyè a, li mete rad sou li (paske li te toutouni), li lage kò l' nan dlo a.
John 21:24Se menm disip sa a k'ap rapòte tout bagay sa yo. Se li menm ki ekri yo. Nou konnen sa l'ap di a se verite.