John 3:13
Pesonn pa janm moute nan syèl la, esepte Moun Bondye voye nan lachè a ki desann soti nan syèl la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 30:12Se pa nan syèl la li ye pou n' ta di: Kilès ki pral moute al chache l' nan syèl la pou fè nou tande l', pou n' ka fè sa l' mande nou fè a?
Matthew 28:20Moutre yo pou yo obsève tou sa mwen te ban nou lòd fè. Chonje sa byen: mwen la avèk nou toulejou, jouk sa kaba.
John 1:18Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.
John 6:33Paske pen Bondye bay la, se moun ki desann sot nan syèl la pou bay lèzòm lavi.
John 6:42Yo t'ap di: Apa Jezi, pitit gason Jozèf la? Nou konn papa l' ak manman li. Ki jan li ka fè di koulye a li desann sot nan syèl la?
John 6:51Se mwen menm pen ki bay lavi a, pen ki desann sot nan syèl la. Si yon moun manje nan pen sa a, l'ap viv pou tout tan. Pen mwen gen pou m' bay la, se kò mwen. M'ap bay li pou tout moun ki sou latè ka jwenn lavi.