Malachi 3:1
Seyè a pale, li di konsa: -Men m'ap voye mesaje mwen devan pou l' pare yon chemen pou mwen. N'ap rete konsa, n'ap wè Seyè n'ap plede chache a ap vini nan tanp li a. Mesaje nou te anvi wè a, men l'ap vini pou l' fè tout moun konnen kontra a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 23:20Men m'ap voye yonn nan zanj mwen yo devan nou pou pwoteje nou sou wout la, pou l' fè nou rive san danje kote mwen pare pou nou an.
Psalms 110:1Se yon sòm David. Seyè a pale ak wa a, chèf mwen an, li di: -Chita la sou bò dwat mwen, jouk tan mwen fè lènmi ou yo tounen yon ti ban pou lonje pye ou.
Isaiah 9:6Nou gen yon ti pitit ki fenk fèt. Bondye ban nou yon gason. Se li menm ki pral chèf nou. Y'a rele l': Bon konseye k'ap fè bèl bagay la, Bondye ki gen tout pouvwa a, Papa ki la pou tout tan an, Wa k'ap bay kè poze a!
Isaiah 40:10Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li.
Hosea 12:3Depi nan vant manman l', Jakòb, zansèt yo, t'ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.
Malachi 2:7Se devwa prèt yo pou yo moutre moun sa Bondye ye. Moun al kote yo pou yo ka konnen sa Bondye mande yo fè. Paske se mesaje Seyè ki gen tout pouvwa a yo ye.