Jan 4:6
Se la pi Jakòb la te ye. Jezi menm te bouke, vwayaj la te fatige l' anpil. Li chita sou rebò pi a. Li te bò midi konsa.
Bib La
In The King James Version
In Context
5Li rive nan yon bouk Samari yo rele Sika, toupre moso tè Jakòb te bay Jozèf, pitit gason l' lan.
7Yon fanm peyi Samari vin pou tire dlo. Jezi di l' konsa: Tanpri, ban m' ti gout dlo pou m' bwè.
Cross References
Matthew 8:24Antan yo sou lanmè a, yo rete konsa yon gwo van vin leve. Lanm lanmè yo t'ap kouvri kannòt la. Jezi menm t'ap dòmi lè sa a.
Luke 2:7Li fè premye pitit li a, yon ti gason. Mari vlope pitit la nan kouchèt, li mete l' kouche nan yon kay kote yo bay bèt manje, paske pa t' gen plas pou yo nan lotèl la.
John 11:9Jezi di yo: Gen douzè de tan nan yon jounen, pa vre? Si yon moun ap mache lajounen, li p'ap bite, paske li wè limyè k'ap klere tè a.
Hebrews 2:17Se konsa, li te fèt pou l' te vin tankou frè l' yo sou tout pwen, pou l' te ka sèvi yo tankou yon granprèt ki gen anpil pitye pou yo, k'ap fè sèvis li byen devan Bondye, pou ofrann li fè a ka fè Bondye padonnen peche tout pèp la.