Jan 5:30
Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
31Si m' pale tèt mwen byen, moun pa ka asepte sa m'ap di a pou verite.
Cross References
Genesis 18:25Aa! Pou di w'ap fè inonsan peri ak koupab? Se pa posib. Ou pa ka fè sa. Se lenjistis pou inonsan gen menm sò ak koupab. Non, sa pa ka fèt. Bondye k'ap jije tout moun sou tè a pa ka nan fè lenjistis.
Psalms 96:13lè Seyè a parèt. Paske, l'ap vini. L'ap vini pou l' jije tout moun ki sou latè. L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo jan sa dwe fèt.
Hosea 10:7Y'ap fini ak lavil Samari a, wa li a ap disparèt tankou kim sou dlo.
John 4:34Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.
John 6:38Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.
John 8:28Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di.