Jan 8:28
Jezi di yo ankò: Lè n'a leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo, n'a konnen se mwen menmm ki li menm. Lè sa a, n'a konnen mwen pa fè anyen pou kont mwen. Se sèlman sa Papa a moutre m' mwen di.
Bib La
In The King James Version
In Context
27Yo pa t' konprann se sou Papa a li t'ap pale yo.
29Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi.
Cross References
Matthew 27:50Jezi bay yon gwo rèl ankò, epi li mouri.
John 3:14Menm jan Moyiz te leve sèpan ki te fèt an bwonz lan byen wo sou yon poto nan mitan dezè a, konsa tou yo gen pou yo leve Moun Bondye voye nan lachè a byen wo tou.
John 5:30Mwen pa kapab fè anyen pou kò mwen. M'ap jije dapre sa Bondye di mwen. Jijman mwen bon paske sa m'ap chache fè a se pa sa m' vle, men sa moun ki voye m' lan vle.
John 8:24Se poutèt sa mwen di nou, n'ap mouri nan peche nou. Wi, nou gen pou n' mouri nan peche nou si nou pa kwè mwen se moun mwen ye a.
John 12:32Men mwen menm, lè y'a leve m' anlè sou tè a, mwen gen pou m' rale tout moun vin jwenn mwen.
John 16:10Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p'ap wè m' ankò.