John 6:11
Jezi pran pen yo; lè li fin di Bondye mèsi pou yo, li bay tout moun ki te chita yo. Li fè menm jan an tou ak pwason yo. Yo tout te jwenn kantite yo te vle.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Matthew 15:36Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
John 6:23Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a.
Romans 14:6Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.
1 Thessalonians 5:18Di Bondye mèsi pou tout bagay. Se sa Bondye mande nou, nou menm ki mete konfyans nou nan Jezikri.