Matie 15:36
Li pran sèt pen yo ak pwason yo, li di Bondye mèsi, li kase yo an moso, li renmèt yo bay disip li yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
35Lè sa a, Jezi fè foul moun yo chita atè.
37Tout moun te manje plen vant yo. Disip yo plen sèt panyen pote ale ak moso ki te rete yo.
Cross References
Matthew 14:19Apre sa, li bay lòd fè moun yo chita sou zèb la. Li pran senk pen yo ak de pwason yo, li leve je l' nan syèl la, li di Bondye mèsi. Li kase pen yo, li bay disip yo. Disip yo menm mache bay tout moun.
Luke 22:17Apre sa, li pran yon gode, li di Bondye mèsi, epi l' di: Men gode sa a, separe l' bay chak moun nan nou;
Luke 24:30Li chita bò tab la ak yo pou manje. Li pran pen, li di Bondye mèsi, li kase l', epi li ba yo li.
John 6:23Men, te gen lòt kannòt ki te soti lavil Tiberyad ki te rive bò kote yo te manje pen an apre Seyè a te di Bondye mèsi a.
Romans 14:6Moun ki kwè yon jou pi konsekan pase lòt, li fè sa pa respè pou Mèt la menm jan ak moun ki manje tout manje a, li fè sa pa respè pou Mèt la paske li di Bondye mèsi pou manje a. Moun ki pa manje tout manje a, li fè sa tou pa respè pou Mèt la, paske li menm tou, li di Bondye mèsi.
1 Timothy 4:3Y'ap plede di sa pa bon pou moun marye, gen kalite manje moun pa gen dwa manje. Men, se Bondye ki kreye manje sa yo pou moun ki gen konfyans nan li epi ki rive konn verite a ka manje lè yo fin di Bondye mèsi.