Jan 6:39
Men sa moun ki voye m' lan vle: li vle pou m' pa pèdi yonn nan moun li ban mwen yo, men pou m' fè yo leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
1 Samuel 25:29Si yon moun konprann pou li atake ou, si l'ap chache touye ou, Seyè a, Bondye ou la, va pwoteje ou. L'a sere ou bò kote l' tankou lè yon moun ap sere yon bagay li renmen anpil. Men l'ap pran lènmi ou yo, l'ap voye yo jete byen lwen tankou lè yon moun ap voye wòch nan fistibal.
Luke 12:32Nou pa bezwen pè, nou menm ti bann mouton yo, paske se tout plezi papa nou pou l' ban nou peyi kote Bondye Wa a.
John 6:37Tout moun Papa a ban mwen, gen pou vin jwenn mwen. Mwen p'ap janm mete moun ki vin jwenn mwen yo deyò.
John 6:44Pesonn pa ka vin jwenn mwen si Papa ki voye m' lan pa rele l' vini. Mwen menm, m'a fè l' leve soti vivan nan lanmò nan dènye jou a.
John 10:27Mouton m' yo koute vwa m', mwen konnen yo epi yo swiv mwen.
John 12:48Men, moun ki refize kwè nan mwen, ki pa asepte pawòl mwen yo, li jwenn ak sa k'ap kondannen l' lan: Pawòl mwen te di yo, se yo menm k'ap kondannen l' lè dènye jou a va rive.