Jan 6:46
Sa pa vle di gen pesonn ki janm wè Papa a. Sèl moun ki wè Papa a, se moun ki soti bò kote Bondye ye a.
Bib La
In The King James Version
Not that any man hath seen the Father, save he which is of God, he hath seen the Father.
In Context
Cross References
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
John 1:18Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.
John 7:29Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.
John 8:55Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m' ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l' epi m'ap fè tou sa li di m' fè.
John 15:24Si m' pa t' fè bagay okenn lòt moun pa t' janm fè nan mitan yo, yo pa ta antò, yo pa ta fè peche. Men, koulye a yo wè sa m' fè, yo rayi ni mwen ni Papa mwen.
1 Timothy 6:16Se sèl moun ki p'ap janm mouri, li rete nan yon limyè kote pesonn pa ka pwoche. Pesonn pa janm wè l', pesonn pa ka wè li. Se pou li tout onè ak tout pouvwa pou tout tan. Amèn.