Jan 7:29
Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.
Bib La
In The King James Version
But I know him: for I am from him, and he hath sent me.
In Context
30Lè sa a, yo t'ap chache arete l', men pesonn pa t' mete men sou li paske lè l' pa t' ankò rive.
Cross References
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
John 3:16Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an.
John 8:55Nou pa konnen li. Men mwen menm, mwen konnen li. Si pou m' ta di mwen pa konnen li, mwen ta bay manti tankou nou. Men, mwen konnen l' epi m'ap fè tou sa li di m' fè.
John 13:3Jezi te konnen pou tèt pa l' li te soti nan Bondye, epi li t'ap tounen jwenn Bondye ankò. Li te konnen Papa a te ba li pouvwa sou tout bagay.
John 17:18Mwen voye yo nan lemonn lan menm jan ou te voye m' nan lemonn lan.
1 John 1:2Lè lavi a te parèt, nou te wè li. Se poutèt sa mwen ka pale nou sou sa: m'ap fè nou konnen lavi ki p'ap janm fini an, lavi ki te la avèk Papa a, lavi ki te parèt aklè devan nou an.