Jan 7:15
Jwif yo pa t' manke sezi. Yo t'ap di: Ki jan nonm sa a fè konnen tout bagay sa yo? Li pa janm al lekòl.
Bib La
In The King James Version
And the Jews marvelled, saying, How knoweth this man letters, having never learned?
In Context
14Te rete kat jou ankò pou fèt la te fini, lè Jezi al nan tanp lan. Li kòmanse pale.
Cross References
Amos 7:14Amòs reponn Amatsya: -Monchè, pwofèt pa metye m'. Nitou, mwen pa fè pati sosyete moun k'ap fè metye pwofèt. Metye m' se gade bèt, se okipe pye sikomò.
Matthew 13:54li ale nan lavil kote l' te grandi a. Li t'ap moutre moun yo anpil bagay nan sinagòg la. Tout moun ki t'ap koute l' te sezi anpil. Yo t'ap di konsa: Ki bò li pran konesans sa a! Kouman li fè fè tout mirak sa yo?
Matthew 22:33Tout moun ki t'ap koute l' yo te sezi tande sa l' t'ap di yo.
Luke 2:47Tout moun ki t'ap tande l' te sezi pou jan l' te gen lespri, ak jan l' t'ap reponn yo.
John 1:19Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye.
Acts 2:7Yo pa t' manke sezi. Yo t'ap gade, yo t'ap di: Moun sa yo k'ap pale la a, apa moun Galile yo tout ye?