John 1:19
Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye.
Bib La
In The King James Version
In Context
20Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.
Cross References
Deuteronomy 24:8Lè gen yon ka move maladi po, se pou nou sèten yo fè tou sa moun Levi yo mande fè. Se pou nou swiv tout regleman mwen te ba yo sou sa.
Luke 3:15Pèp la t'ap tann konsa: yo t'ap mande nan kè yo si se pa Jan ki Kris la.
John 5:10Jwif yo di nonm ki te geri a: Jòdi a se jou repo. Lalwa nou an pa pèmèt pou w'ap pote nat ou jòdi a.
John 6:41Jwif yo te fache anpil sou Jezi poutèt li te di: Se mwen menm ki pen ki desann sot nan syèl la.
John 10:24Jwif yo sanble bò kote l', yo di l' konsa: Kilè wa wete nou nan doutans sa a? Si ou se Kris la, di nou sa kare kare.
Acts 19:4Pòl di yo: Jan te batize moun ki te asepte tounen vin jwenn Bondye, li t'ap di pèp Izrayèl la pou yo te kwè nan moun ki t'ap vini apre l' la, ki vle di Jezi.