Jan 7:28
Jezi t'ap moutre moun yo anpil bagay nan tanp lan. Li di yo byen fò: Nou rekonèt mwen? Nou konnen ki bò m' soti? Se pa mwen ki fè lide pou m' vini non. Moun ki voye m' lan, li la tout bon. Men, nou pa konnen li.
Bib La
In The King James Version
In Context
29Mwen menm, mwen konnen l', paske se bò kote l' mwen soti. Se li menm ki voye mwen.
Cross References
Psalms 9:10(09:11) Moun ki konnen ou, Seyè, y'ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k'ap chache ou.
Jeremiah 9:6Y'ap fè britalite sou britalite. Y'ap twonpe moun yonn dèyè lòt. Yo derefize rekonèt mwen. Se Seyè a menm ki di sa.
Hosea 4:1Seyè a gen yon pwose l'ap mennen ak moun k'ap viv nan peyi a. Nou menm, pitit Izrayèl yo, koute sa Seyè a ap di: -Nan peyi a, bonjou moun pa laverite. Yo pa gen bon kè ankò. Pa gen moun ki konn Bondye ankò nan peyi a.
Hosea 6:3N'a konnen Seyè a, n'a toujou chache konnen Seyè a pi byen. Tankou nou sèten solèy la gen pou l' leve, konsa tou nou sèten n'ap jwenn li. Tankou nou sèten lapli gen pou l' wouze latè lè sezon l' rive, konsa tou nou sèten l'ap vin jwenn nou.
Matthew 11:27Papa m' renmèt mwen tout bagay. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a. Konsa tou, pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, esepte Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
Luke 2:11Jòdi a, nan lavil David la, nou gen yon Sovè ki fenk fèt: se Kris la, Seyè a.