Jan 7:32
Farizyen yo vin konnen sa yo t'ap di nan zòrèy sou Jezi nan pèp la. Chèf prèt yo ansanm ak farizyen yo voye kèk gad pou arete Jezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
33Jezi di konsa: Se pou yon ti tan ankò mwen la ak nou. Apre sa, mwen pral jwenn moun ki voye m' lan.
Cross References
Matthew 23:13Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
John 7:45Lè gad yo tounen vin jwenn yo, chèf prèt yo ak farizyen yo mande yo: Poukisa nou pa mennen l' ban nou?
John 12:19Farizyen yo menm, yonn t'ap di lòt: Nou wè. Nou pa ka fè anyen pou anpeche sa. Gade jan tout moun ap swiv li!
Acts 5:26Lè sa a, kòmandan lagad la ale avèk gad li yo, li mennen apòt yo tounen. Men, yo pa t' aji brital ak yo paske yo te pè pou pèp la pa t' touye yo ak kout wòch.