Matie 23:13
Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Moun ki vle leve tèt li, y'a desann li. Moun ki desann tèt li, y'a leve li.
Cross References
Isaiah 33:14Nan lavil Siyon, moun k'ap fè sa ki mal yo pral gen kè sere. Moun ki refize fè sa Bondye mande a pral tranble. Y'ap di: Jijman Bondye se tankou yon gwo dife k'ap boule san rete. Kilès nan nou ki ka chape anba yon dife konsa?
Matthew 21:31Kilès nan de pitit yo ki fè volonte papa a? Yo reponn li: Pi gran an. Lè sa a, Jezi di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Pèseptè kontribisyon ak fanm movèz vi yo va antre nan Peyi kote Bondye wa a anvan nou.
Matthew 23:23Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo.
Matthew 23:27Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri.
Luke 11:43Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik.
John 7:46Gad yo reponn: Nou poko janm wè yon nonm ki pale tankou nonm sa a.