Jan 8:21
Jezi di yo ankò: Mwen pral fè wout mwen. N'a chache m', men n'a mouri nan peche nou yo. Nou pa ka ale kote m' prale a.
Bib La
In The King James Version
In Context
22Jwif yo yonn di lòt: Gen lè li pral touye tèt li? Tande sa l'ap di: Nou pa ka ale kote l' prale a.
Cross References
1 Kings 18:10Mwen pran Seyè ki vivan an, Bondye ou la, pou temwen, pa gen peyi sou latè kote wa a pa fè chache ou. Chak fwa nan yon peyi yo di l' ou pa lakay yo, wa Akab te fòse chèf la ak tout pèp la fè sèman yo pa t' jwenn ou.
Job 20:11Mechan yo te gen tout fòs jenn gason yo sou yo toujou. Men koulye a, tou sa pral tounen pousyè ansanm ak yo.
Proverbs 11:7Lè yon mechan mouri, sa l' t'ap tann lan mouri ansanm avè l'. Konfyans li te mete nan byen li yo pa sèvi l' anyen.
Isaiah 65:20Timoun p'ap mouri tou piti ankò! Granmoun ap fè tout tan yo! Pi bonnè pou yo mouri se va sou santan. Moun ki va rive gen santan anvan yo mouri, y'a mouri jenn! Moun ki va mouri anvan yo rive gen santan, se moun ki va gen madichon!
Matthew 23:39Paske, m'ap di ou sa: Depi jòdi a, nou p'ap wè m' ankò jouk lè a va rive pou nou di: Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la.
Matthew 25:41Apre sa, la pale avèk sa ki sou bò gòch li yo, la di: Wete kò nou sou mwen, nou menm ki gen madichon! Al nan dife ki p'ap janm mouri an, dife ki te pare pou dyab la ak zanj li yo.