Jan 8:29
Moun ki voye m' lan la avèk mwen. Li pa kite m' pou kont mwen paske mwen toujou fè sak fè l' plezi.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Anpil moun ki te tande Jezi pale konsa te kwè nan li.
Cross References
Isaiah 42:6Se mwen menm, Seyè a, ki rele ou. Mwen ba ou pouvwa pou mete jistis kanpe sou latè. Mwen pran men ou. Mwen fòme ou, mwen mete ou pou pase yon kontra ak pèp la, pou m' bay tout nasyon yo limyè.
Isaiah 49:4Mwen menm, mwen t'ap di nan kè m': Se pou dan ri m'ap fatige kò m'. Se pou gremesi mwen travay jouk mwen fèb. Men, m'ap toujou gen konfyans: Seyè a va ban m' rezon. Rekonpans mwen la byen sere nan men Seyè a.
Matthew 3:17Lè sa a, yon vwa soti nan syèl la, li di: Sa se pitit mwen renmen anpil la. Li fè kè m' kontan anpil.
John 4:34Jezi di yo: Manje pa m', se fè volonte moun ki voye m' lan; se pou m' fin fè travay li ban m' fè a.
John 6:38Paske, se pa pou fè volonte pa m' mwen desann sot nan syèl la, men pou m' fè volonte moun ki voye m' lan.
John 14:10Gen lè ou pa kwè mwen nan Papa a? Ou pa kwè Papa a nan mwen tou? Tout pawòl mwen di nou yo, se pa nan mwen yo soti. Papa a ki fè yonn ak mwen an, se li menm k'ap fè travay li.