John 8:48
Jwif yo reponn li: Nou te gen rezon lè n' t'ap di se moun Samari ou ye. Ou gen yon move lespri sou ou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Isaiah 53:3Nou pa t' gade l' menm, tout moun te vire do ba li. Li te soufri anpil, li te tout tan nan gwo lapenn. Tout moun te vire tèt yo pou yo pa wè l'. Nou pa t' okipe l', nou pa t' pran ka l' menm.
Matthew 10:25Si yon elèv rive fò tankou mèt li, sa kont pou li; si yon domestik rive tankou patwon li, sa kont pou li. Si yo rele mèt kay la Bèlzeboul, se pa lòt moun nan kay la yo p'ap bay pi move non toujou!
Matthew 12:31Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.
John 4:9Fanm Samari a di Jezi konsa: Kouman? Se pa jwif ou ye? Ki jan ou fè mande m' dlo pou ou bwè, mwen menm ki moun Samari? (Paske, jwif yo pa t' gen rapò ak moun Samari.)
John 8:52Jwif yo di li: Koulye a, nou sèten ou gen yon move lespri sou ou. Abraram mouri. Pwofèt yo mouri tou. Epi ou menm, w'ap di: O wi, moun ki fè tou sa m' di l' fè, li p'ap janm mouri.
John 13:13Nou rele m' Mèt, nou rele m' Seyè. Nou gen rezon, se sa m' ye vre.