Matie 12:31
Se poutèt sa, m'ap di nou: Bondye va padonnen moun tout peche yo va fè, tout move pawòl ki va soti nan bouch yo. Men, kanta moun ki va pale mal sou Sentespri a, pa gen padon pou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
30Moun ki pa avèk mwen, se kont mwen yo ye. Moun ki p'ap ede m' ranmase, se gaye y'ap gaye.
Cross References
Isaiah 1:18Seyè a di konsa: -Nou mèt vini atò! Vini non! Ann regle koze a! Menm si peche nou yo ta tache wouj kou san sou tout kò nou, m'ap lave nou. M'ap fè nou vini blan kou koton. Nou te mèt tache wouj fonse, m'ap blanchi nou, m'ap fè nou blan kou lenn mouton.
Ezekiel 33:11Enben, ou menm w'a di yo: Jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè a k'ap pale! Men sa mwen di: Mwen pa pran ankenn plezi nan wè mechan yo mouri. Mwen ta pito wè yo sispann fè sa ki mal pou yo ka viv. Nou menm moun pèp Izrayèl yo, sispann fè sa nou pa dwe fè. Tounen vin jwenn mwen. Poukisa se lanmò n'ap chache konsa?
Mark 3:28Se vre wi, sa m'ap di nou la a: Bondye va padonnen lèzòm tout peche y'a fè, ak tout move pawòl ki va soti nan bouch yo.
Acts 7:51Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo.
Hebrews 6:4Moun ki te resevwa limyè Bondye a yon fwa deja, yo te goute kado Bondye te ba yo a, yo te resevwa pòsyon pa yo nan Sentespri Bondye a.
Hebrews 10:29Nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap meprize Pitit Bondye a, yon moun ki pran san Pitit Bondye a pou anyen, san ki sèvi pou siyen kontra Bondye a, san ki mete nou nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a, san ki mete nou apa pou Bondye a. Wi, nou pa bezwen mande kisa ki va rive yon moun k'ap joure Lespri Bondye ki ban nou favè li a. Nou tou konnen li merite yon pi gwo chatiman.