Jan 9:39
Lè sa a, Jezi di: Mwen vin sou tè a pou yon jijman: Moun ki avèg yo pral wè. Men moun ki wè yo pral tounen avèg.
Bib La
In The King James Version
In Context
38Nonm lan di: Seyè, mwen kwè. Epi li tonbe ajenou devan Jezi.
40Te gen kèk farizyen la avèk li. Lè yo tande pawòl sa yo, yo mande l': Eske nou menm tou, nou avèg?
Cross References
Isaiah 6:9Epi lè sa a, li di m': -Ale non. Men sa pou ou di pèp la: Louvri zòrèy nou jan nou vle, men nou p'ap konprann anyen! Louvri je nou jan nou vle, men nou p'ap wè sa k'ap rive!
Isaiah 42:18Seyè a di: -Nou menm moun soudè yo, koute! Nou menm moun avèg yo, gade byen!
Jeremiah 1:9Apre sa, Seyè a lonje men l', li manyen bouch mwen. Epi li di m': -Men mwen mete pawòl mwen nan bouch ou.
Matthew 11:5Je avèg yo louvri, moun ki t'ap bwete yo mache byen, moun ki te gen maladi lalèp yo geri, moun ki te soudè yo tande, moun ki te mouri yo leve. Pòv yo tande Bon Nouvèl la.
Luke 1:79Li gen pou l' klere tout moun k'ap viv nan fènwa ak nan lonbraj lanmò. Li gen pou l' fè nou mache nan chemen k'ap ban nou kè poze a.
Luke 4:18Lespri Bondye a sou mwen. Li chwazi m' pou m' anonse bon nouvèl la bay pòv yo. Li voye m' pou m' fè tout prizonye yo konnen yo lage, pou m' fè tout avèg yo konnen yo kapab wè ankò, pou m' delivre moun y'ap maltrete yo,