Jan 9:8
Moun ki te rete bò lakay li yo ansanm ak tout moun ki te konn wè l' ap mande charite anvan sa, yo tout t'ap di: Apa nonm ki te konn chita ap mande charite a!
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Ruth 1:19Yo pati, yo vwayaje ansanm jouk yo rive lavil Betleyèm. Lè yo rive, wè moun wè yo, lavil la te tèt anba. Medam yo menm t'ap di: -Ou kwè se Naomi sa?
1 Samuel 21:11Moun wa Akich yo di wa a konsa: -Se pa David sa, wa peyi a? Se pou li medam yo te fè chante yo t'ap chante lè yo t'ap danse a, chante ki di: Sayil desann mil! David desann dimil!
Luke 16:20Te gen yon pòv yo rele Laza ki te kouche nan papòt nonm rich la. Laza te kouvri ak malenng.
Acts 3:2Bò Bèl Pòt la (se konsa yo te rele yon pòt nan tanp lan), te gen yon nonm ki te enfim depi l' te fèt. Chak jou yo te pote l' bò Bèl Pòt la pou l' te kapab mande moun k'ap antre nan tanp lan lacharite.