Jan 9:7
Li di l' konsa: Al lave figi ou nan gwo basen Siloe a. (Mo Siloe sa a vle di: Moun yo te voye a.) Avèg la ale, li lave figi li. Lè l' tounen, li te ka wè nan tou de je l' yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 4:11Seyè a di l': -Kilès ki bay moun bouch pou yo pale? Kilès ki fè moun sa a bèbè, moun sa a soudè? Kilès ki fè moun sa a wè, moun sa a avèg? Eske se pa mwen menm, Seyè a?
Nehemiah 3:15Se Chaloum, pitit gason Koloze a, gouvènè lavil Mispa a, ki te rebati Pòtay Fontenn lan. Li mete yon twati sou li, yo moute batan yo, epi yo mete kwòk ak gwo ba pou fèmen pòtay la. Li refè miray ki soti bò letan Chela a tou, toupre jaden wa a, rive jouk bò macheskalye ki desann soti nan lavil David la.
Isaiah 8:6-Paske pèp la meprize dlo larivyè Siloe a k'ap koule tou dousman, paske yo tranble devan wa Rezen ak wa Pekak, pitit Remalya a,
Isaiah 32:3Je tout moun va louvri pou yo wè sa k'ap pase. Zòrèy tout moun va louvri pou yo konnen sa k'ap fèt nan peyi a.
Isaiah 42:7W'a louvri je avèg yo. W'a fè prizonye yo soti nan prizon. W'a libere sa ki nan kacho kote ki fè nwa a.
Isaiah 43:8Seyè a di ankò: -Fè pèp la konparèt devan m'. Se yon bann moun ki gen je men ki pa wè. Yo gen zòrèy men yo pa tande.