Jonah 1:9
Jonas reponn yo: -Mwen se ebre. Mwen gen krentif pou Seyè a, Bondye ki fè syèl la, lanmè a ak tè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 14:13Men, yonn nan mesye ki te chape nan batay la vin di Abram sa. Lè sa a, Abram te rete toupre pye bwadchenn Manmre a. Manmre sa a, se te yon moun Amori. Se te frè Echkòl ak Ane. tout de mesye sa yo te pase kontra avèk Abram.
Genesis 39:14li rele domestik li yo, li di yo: -Nou wè sa! Mari mwen mennen yon ebre nan kay la, men koulye a li soti pou avili m'. Li vini jwenn mwen jouk isit la, li vle pou m' kouche avè l'. Mwen pete rele.
2 Kings 17:28Se konsa yonn nan prèt yo te depòte yo tounen nan peyi Samari, l' al rete lavil Betèl, li moutre yo jan pou yo fè sèvis pou Seyè a.
Ezra 1:2-Mwen menm Siris, wa peyi Pès, men lòd mwen bay: Seyè a, Bondye nan syèl la, te mete m' chèf sou tout peyi ki sou latè. Li ban m' reskonsablite pou m' bati yon tanp pou li lavil Jerizalèm, nan peyi Jida.
Ezra 7:12Men lèt Atagzèsès, gran wa a, te ekri bay Esdras, nonm save ki fò nan lalwa Bondye ki nan syèl la! -Koulye a,
Nehemiah 2:4Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.