Nehemiah 2:4
Wa a di m' konsa: -Kisa ou ta renmen m' fè pou ou? Mwen lapriyè Bondye ki nan syèl la nan kè m'.
Bib La
In The King James Version
Then the king said unto me, For what dost thou make request? So I prayed to the God of heaven.
In Context
Cross References
2 Samuel 15:31Lè David vin konnen Achitofèl te pran pozisyon ak Absalon nan konplo a, li lapriyè, li di: -Tanpri, Seyè! Fè konsèy Achitofèl yo pase pou pawòl moun fou!
Nehemiah 1:4Lè m' tande sa, mwen chita atè, mwen pran kriye. Mwen pase anpil jou konsa nan gwo lapenn. Mwen pa manje, mwen t'ap lapriyè Bondye ki nan syèl la.
Nehemiah 1:11Aa! Seyè, panche zòrèy ou pou tande lapriyè mwen menm, sèvitè ou, m'ap fè nan pye ou, lapriyè tout sèvitè ou yo ki pran plezi nan gen krentif pou ou. Tanpri, Seyè, fè tout bagay mache byen pou mwen jòdi a. Fè wa a resevwa m' byen. Lè sa a, mwen te chèf kanbiz wa a.
Esther 5:6Pandan yo t'ap bwè diven, wa a mande Estè konsa: -Di m' sa ou vle, m'ap ba ou li. Ou te mèt mande m' mwatye nan peyi a, m'ap ba ou li.
Psalms 136:26Di Bondye ki anwo nan syèl la mèsi. Wi, li p'ap janm sispann renmen nou!
Mark 10:51Jezi mande li: -Kisa ou vle m' fè pou ou? Avèg la reponn li: -Mèt, fè m' wè ankò.