Jonah 3:3
Se konsa, Jonas leve, li ale lavil Niniv jan Seyè a te di l' la. Niniv te yon gwo lavil ki mande twa jou pou mache soti nan yon bout ale nan lòt bout la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 22:3Nan denmen maten, bonè bonè, Abraram leve, li sele bourik li, li pran Izarak ansanm ak de nan domestik li yo. Li fann kèk moso bwa pou l' fè dife pou boule vyann bèt l'ap ofri a. Epi li pati nan direksyon kote Bondye te di l' la.
Psalms 36:6(036:7) Jistis ou kanpe fèm tankou gwo mòn ou yo. Jijman ou yo se bagay moun pa ka fin konprann. Seyè, se ou menm ki pran swen moun ansanm ak tout bèt yo.
Jonah 1:2li di l' konsa: -Leve non. Ale lavil Niniv, gwo kapital la. Al fè moun la konnen mechanste yo rive jouk nan zòrèy mwen.
2 Timothy 4:11Se Lik sèlman ki la avèk mwen. Pran Mak avèk ou lè w'ap vini. La ban m' yon bon kout men nan travay la.