Joshua 10:2
Tout moun lavil Jerizalèm yo te pè anpil, paske Gabawon te yon gwo lavil, tankou nenpòt ki lavil ki te gen yon wa ap gouvènen li. Li te pi gwo pase lavil Ayi. Lèfini, tout gason la te vanyan sòlda.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:14Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
Deuteronomy 11:25Pesonn p'ap ka kanpe devan nou pou rete nou sou kous nou. Kote nou pase, Seyè a, Bondye nou an, pral fè moun peyi a pè nou, yo pral kouri pou nou jan li te pwomèt nou li a.
Joshua 2:9Li di yo: -Mwen konnen Seyè a lage peyi a nan men nou. Mwen rekonèt tout moun pè nou, tout moun nan peyi a pa konn sa pou yo fè devan nou.
Joshua 9:3Lè moun peyi Gabawon yo vin konnen kisa Jozye te fè moun Jeriko yo ak moun Ayi yo,
1 Samuel 27:5David di Akich konsa: -Si ou se zanmi m' vre, ban m' yon ti plas nan yonn nan bouk andeyò yo pou m' rete. Pa gen rezon, monwa, pou m' rete viv ansanm avè ou nan kapital la.
Psalms 48:4(048:5) Men sa ki te pase: Wa yo te mete tèt yo ansanm, yo vin atake an menm tan.