The Bible Software
bible.software › Joshua › Joshua 13 › Joshua 13:6

Joshua 13:6

Tout moun ki rete nan mòn yo, depi peyi Liban jouk lavil Misrefòt Mayim, tout moun Sidon yo, se mwen menm ki pral mete yo deyò pou fè plas pou pèp Izrayèl la. Men, se ou menm ki pral separe tè a bay chak moun pèp Izrayèl yo pòsyon pa yo, jan mwen te ba ou lòd la.

Bib La

In The King James Version

All the inhabitants of the hill country from Lebanon unto Misrephoth-maim, and all the Sidonians, them will I drive out from before the children of Israel: only divide thou it by lot unto the Israelites for an inheritance, as I have commanded thee.

In Context

5Te rete ankò tè moun Jebal yo ak tout peyi Liban sou bò solèy leve, depi Baal-Gad nan pye mòn Emon jouk kote Pas Amat la konmanse a.

7Lè a rive koulye a pou nou separe peyi a bay nèf lòt branch fanmi yo ak lòt mwatye nan branch fanmi Manase a pòsyon pa yo.

Read all of Joshua 13

Cross References

Exodus 23:30Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou.

Numbers 33:54N'a tire osò pou nou ka separe l' bay chak branch fanmi pa yo. N'a bay branch fanmi ki anpil la yon gwo pòsyon. N'a bay branch fanmi ki pa anpil la yon ti pòsyon. Chak branch fanmi va resevwa pòsyon ki va vin pou l' a. Se konsa n'a separe tè a bay chak branch fanmi zansèt nou yo pa yo.

Joshua 11:8Seyè a lage yo nan men pèp Izrayèl la: sòlda pèp Izrayèl yo bat yo byen bat. Yo kouri dèyè yo jouk Gwo Sidon ak Misrefòt sou bò nò, jouk Fon Mispa sou bò solèy leve. Yo bat yo nèt, yo pa kite yonn ladan yo chape.

Joshua 14:1Men tè yo te separe bay moun pèp Izrayèl yo. Se Eleaza, prèt la, ak Jozye, pitit gason Noun lan, ansanm ak tout chèf fanmi nan tout branch pèp Izrayèl yo ki te bay chak fanmi pòsyon pa yo.

Joshua 23:5Seyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l'ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l' la.

Judges 2:21Bon, mwen menm tou, mwen p'ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Joshua 13:6

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Joshua 13:5Joshua 13Joshua 13:7 →